Ap chaje videyo
Transkripsyon
Haitian Creole (Kreyòl Ayisyen)
Teofil monchè,
map ekri ou pou-m rakonte ou tout bagay ki sot pase nan mitan nou yo,
depi nan kòmansman, rive jouk kounyè-a
pou ou ka konnen kòman tout bagay te pase, vre.
Lè sa-a lanperè Seza Ogis tap gouvenen lavi-l Ròm, Erod mem-m te… wa nan peyi Jide,
Bondye voye zanj Gabriyèl lavil Nazarèt bò kote yon jenn fi yo te rele Mari.
Ou pa bezwen pè non, Mari... paske ou jwen gras nan men Bondye.
Ou pral vin-n ansent ou va fè yon Pitit gason wa rele-l Jezi.
Sa pa posib?
Mwen se yon vyèj.
Sintespri – a pral tonbe sou-ou, puisans Bondye-a pral kouvri ou.
Se poutèt sa, ti pitit ki pral fèt la va rele pitit Bondye.
Apre sa, Mari leve pati pou l-al nan bouk nan peyi Jide.
L-al wè Elizabèt, kouzin li, ki te ansent gras a yon mirak Bondye te fè pou li.
Elizabèt!
Mari!
Kouzin Mari,
se ou mem-m mem-m Bondye beni pi plis,
Li beni pitit wa va fè –a
Men-m kote –w fin-n di-m bonjou-a
pitit ki nan vant mwen an
sote avek jwa
Kè-m chante pou Segnè-a,
E nan-m mwen rejwi nan Bondye sovè mwen.
Depi kounyè-a tout moun pral di jan-m beni.
Atansyon tout moun nan vil Nazarèt, daprè lòd de lanperè Seza Ogis,
ya gen pou fè yon resansman de tout moun ki rete nan peyi Galile nan peyi Jide.
Tout moun va gen pou yal bay non yo, nan lavil ak nan bouk, kote fanmi yo te soti.
Se konsa Mari te moute Bètleyèm nan peyi Jide pou l-al bay non-l ansanan ak Jozèf fiyanse-li.
Men, pat gen plas pou yo nan lavil Bètleyèm. Sel kote yo te jwen-n pou te pase lan nwit sete yon kote yo te gade bèt
Nan mem-m zòn sa-a te gen kèk gadyin mouton ki tap pase lan nwit la ap veye mouton yo.
Lè sa-a yon zang Bondye paret devan yo, kote yo te ye-a te klère ak limyè Bondye-a.
Jodi-a mem-m, nan lavil David la, moun kap delivre nou an fèk fèt; se Kris la, Segnè-a.
Gadyin mouton yo prese, al wè pitit la.
Se yo mem-m premye moun ki gaye nouvèl la, pou fè konnin ke moun kap vi-n delivre nou an, fèt. Li se pitit yon vyèj.