Ap chaje videyo
Transkripsyon
Haitian Creole (Kreyòl Ayisyen)
Kavo kote yo te mete kò Seyè Jezi-a te vid,
twa jou apre yo te kloure-l sou koua-a Jezi resisite de mo. Li vivan. Li vle antre nan la vi-ou.
Se Jezi menm ki di :
Mwen sa la rezireksyon e la vi. Moun ki non mwen yap viv mensi yo mouri.
Gen plis pase de mil an depi Jezi te resisite dè mò.
E –l toujou byen vivan jodia. Kòm moun ki gen plis pisans e plis inflians sou tout latè.
Gwo chèf tan lontan yo vini yo ale.
Moun kap komande yo, gro savan yo, filozòf yo, moun kap chache konpran-m Bondye yo, yo vini yo ale
Men Jezi Kri li men-n vivan jodia, Pa gen lot tankou-l sou latè
Jan li te fèt la se yon bagay apa. La bib di nou Mari manman li te yon vièj.
Lavi-li te yon bagay apa.
Nan tout sa li tap fè, nan tou sa li tap di, ou santi puisans Bondye-a,
li te mache dwat devan Bondye san li pat jan-m fè okenn peche.
Nan pwen moun sou la tè ki jan-m fè pi gran mirak pase-l
Mesaj li-a tou se yon bagay apa.
Li ofri amou, padon e yon nouvèl fason de viv pou tout moun ki resevwa li kom Sovè e Segnè.
Nenpot kote yo bay mesag sa-a la vi ap change, moun ap gen espwa anko, ya gen lòt rezon pou yo viv.
Lanmò li sou lakwa se yon bagay apa.
Plis pase de mil an, Bondye ki kreye tè ak yèl la te bay sèl pitit li a pou mouri pou peche lèzòm.
Se pou ou-l te mouri
Jan li te resiste-a se yon bagay apa,
twa jou apre li mouri, pi gro evèneman ki jan-m rive sou late-a te rive Jezi resisite dè mò.
Jan li fèt la, la vi li, lanmò li Epi Jan li te resisite de mò,
tout bagay sa yo fè nou wè ke sa Jezi de di li ye-a se sa li ye vre:
Pitit Bondye-a ki vi-n delivre tout moun sou la tè.
Men-m Jezi Kri sa-a, li vivan Jodia-li ta vle antre nan lavi pa ou pou-l padonnen peche ou yo,
pou li ka ba-ou puisans pou -w ka viv tout bon vre koute sa li di:
Vini jwen-n mwen, nou tout ki bouke, e ki anba chay ma ba nou repo.
Se mwen men-m ki chemen-an, se mwen men-m ki verite’-a se mwen men-m ki la vi-a.
Pèson-n paka al jwen-n papa-a si li pa pase pa mwen....
Bib la di «tout moun fè peche, e yo tout vire do, bay puisans Bondye.»
Li di ankò «Nap peye pou peche pa lanmò, men kado Bondye ban nou gratis-la se lavi etènèl nan Jezi, Segnè nou-an.»
Lè Jezi te mouri, li te peye dèt peche nou yo konnyè-a li kanpe le-l pare pou li antre nan lavi nou.
Mwen kanpe nan pòt la map frape. Si yon moun tande vwa-m e louvri pòt la ban mwen, ma antre lakay li …
Si nou vle jwen-n amou-l, padon peche nou,
e lavi etenel se pou nou resevoua-l kom sakrifis Bondye pou peche nou yo, se pou nou invite-l antre nan lavi nou pa la fwa.
Si se sa nou vle tout bon, nou kapab la priyè pa la fwa, Jezi va antre nan lavi nou.
Men yon la priyè nou ka fè. Map di-l pou nou anvan :
«Seyè Jezi, mwen bezwen ou. Mèsi paske ou te mouri sou la kwa pou tèt peche mwen yo.
Mwen louvri pòt kè-m ba-ou e mwen resevwa -w kòm sovè, e Seyè mwen.
Fè sa ou vle ak lavi mwen. Fè-m vini kalite moum ou vle ke-m ye –a . Amen.»
Si ou wè priye sa-a se sa ou ta remmen di vre, fè-l kounyè-a kote ou ye.
Prye nan kè-ou pandan map repran li pou-ou fraz apre fraz :
«Seyè Jezi mwen bezwen ou.
Mesi paske ou te mouri sou la kwa pou tèt peche mwen yo.
Mwen louvri pòt kè-m ba-ou.
E mwen resevwa-ou kòm sovè e Seyè mwen,
Fè sa ou vle ak lavi-mwen.
Fè -m vini kalite moun ou vle ke-m ye-a.
Amen.»
Kounye’-a ou fi-n prye avèk fwa e invite Jezi kri pou-l antre nan lavi-w,
ou mèt konnen li vini, paske li pwomèt lap fè-l pou nou depi nou mande-l.
Nou asure ke tout peche nou yo padonne, se pitit Bondye nou ye, nou gen lavi ki pap jan-m fini-an.
Si nou vle viv vrè vi, ke Jezi te pwomèt nou-an, pale ak li chak jou nan la priyè.
Li la bib nou, pou nou chache konnen plan li pou lavi nou.
Reyini ak lòt moun ki renmen Jezi e kap mache avè-l.
Yon denye pawòl ankò: Pa jan-m bliye bèl promès li fè-a:
Mwen pap jan-m kite-w e -m pap jan-m abandone. Sonje mwen la avèk ou tou lè jou, juska la fin di mond