Paske, Bondye sitèlman renmen lèzòm li bay sèl Pitit li a pou yo.
Tout moun ki va mete konfians yo nan li p’ap pèdi lavi yo. Okontrè y’a gen lavi ki p’ap janm fini an.
Bondye pa voye Pitit li a sou latè pou kondannen lèzòm men pito pou-l te kapab delivre yo.
Jodia, Jezi gen plis, pase mil million moun kap swiv li.
Gen kat lèvangil ki rakonte ki jan tout istwa sa-a te konmanse.
Nan twa lòt liv levanjil yo,
nap jwen anpil lòt istwa ak lòt ti detay ki enpe diferan,
Men ti istwa sou Jezi nou pral montre-a se nan liv levanjil selon Lik la, nou pran-l.
Teofil monchè,
map ekri ou pou-m rakonte ou tout bagay ki sot pase nan mitan nou yo,
depi nan kòmansman, rive jouk kounyè-a
pou ou ka konnen kòman tout bagay te pase, vre.
Lè sa-a lanperè Seza Ogis tap gouvenen lavi-l Ròm, Erod mem-m te… wa nan peyi Jide,
Bondye voye zanj Gabriyèl lavil Nazarèt bò kote yon jenn fi yo te rele Mari.
Ou pa bezwen pè non, Mari... paske ou jwen gras nan men Bondye.
Ou pral vin-n ansent ou va fè yon Pitit gason wa rele-l Jezi.
Sa pa posib?
Mwen se yon vyèj.
Sintespri – a pral tonbe sou-ou, puisans Bondye-a pral kouvri ou.
Se poutèt sa, ti pitit ki pral fèt la va rele pitit Bondye.
Apre sa, Mari leve pati pou l-al nan bouk nan peyi Jide.
L-al wè Elizabèt, kouzin li, ki te ansent gras a yon mirak Bondye te fè pou li.
Elizabèt!
Mari!
Kouzin Mari,
se ou mem-m mem-m Bondye beni pi plis,
Li beni pitit wa va fè –a
Men-m kote –w fin-n di-m bonjou-a
pitit ki nan vant mwen an
sote avek jwa
Kè-m chante pou Segnè-a,
E nan-m mwen rejwi nan Bondye sovè mwen.
Depi kounyè-a tout moun pral di jan-m beni.
Atansyon tout moun nan vil Nazarèt, daprè lòd de lanperè Seza Ogis,
ya gen pou fè yon resansman de tout moun ki rete nan peyi Galile nan peyi Jide.
Tout moun va gen pou yal bay non yo, nan lavil ak nan bouk, kote fanmi yo te soti.
Se konsa Mari te moute Bètleyèm nan peyi Jide pou l-al bay non-l ansanan ak Jozèf fiyanse-li.
Men, pat gen plas pou yo nan lavil Bètleyèm. Sel kote yo te jwen-n pou te pase lan nwit sete yon kote yo te gade bèt
Nan mem-m zòn sa-a te gen kèk gadyin mouton ki tap pase lan nwit la ap veye mouton yo.
Lè sa-a yon zang Bondye paret devan yo, kote yo te ye-a te klère ak limyè Bondye-a.
Jodi-a mem-m, nan lavil David la, moun kap delivre nou an fèk fèt; se Kris la, Segnè-a.
Gadyin mouton yo prese, al wè pitit la.
Se yo mem-m premye moun ki gaye nouvèl la, pou fè konnin ke moun kap vi-n delivre nou an, fèt. Li se pitit yon vyèj.
Lè dat, pou yo te sikonsi pitit la rive, yo rele Jezi.
Jozèf ak Mari pran pit lan yo alè, nan vil Jerizalèm pou presante-l bay Bondye.
Nan tanp lan, te gen yon moun ki te gen pwòmes Sentespri Bondye-a
li pa tap mouri san-l pa wè Kris la, moun sa-a se te Simeyon.
Bondye, kounyè-a ou mèt kite Sevitè-w la mouri en pè selon pawòl ou.
Mwen wè Sovè a ak je mwen.
Se Bondye men-m ki chwazi pitit sa-a.
Ke Bondye beni nou
Lè yo fin fè tout sa lalwa Bondye te mande
yo kite Jerizalèm, yo tounin Nazarèt.
Lè Jezi vi-n gen douzan Jozèf ak Mari mennen-l Jerizalèm pou fèt pak la.
Men lè yo pran chemen pout tounin lakay yo, yo remake ke ti gason-an pat avek yo, Jezi te rete deye.
Yo tounin al chache –l lavil Jerizalèm
Apre twa jou, yo jwen li chite na mitan tout gro chef nan tanp la.
Men pitit ki moun kap poze keksyon sa yo?
Li sot Nazarèt.
Nou panse –l te avek nou.
Tanpri eskize nou.
Tout moun ki te tande-l te sezi.
Pitit mwen ! Pouki sa ou fè nou sa ? Mwen mem-m ak papa-ou se pa de chache nou chache ou.
Pouki sa -nou tap chache- m-konsa? Nou pa konen fò-m okipe zafè Papa mwen?
Li desanan-n nan bouk Nazarèt ak yo. Jezi grandi li vi-n gen plis lèspris chak jou;
li tap aji yon jan ki te fè Bondye, ak lèzòm plèzi.
Lè sa-a te gen kinzan depi Seza Tibe te lanperè lavil Ròm.
Pons Pilat tap komande nan peyi Jide …
Erod te chef nan peyi Galilè…..
Ana ak Kaif te souvwin- sakrifikatè
Bondye pale ak Jan nan dezè-a Jan mache nan tout peyi bò larivie jouden
li tap preche moun yo batem de repantans pou padon peche yo.
Sispan-n fe peche!
Vin-n recevwa batem!
Bondye va padonen peche nou yo!
Jan sa te ekri, nan liv pwofèt Ezayi-a:
«Yon nonm ap rele nan dezè-a
Prepare wout la Pou Segnè a.»
«Fè chemen an bien dwat pou li.
Konble tout fon yo.
Fè tout gro mòn ak tout ti mòn yo vi-n plat !»
«Se pou chemen krochi yo vi-n dwat, se pou chemen malouk yo vin bien bel…
tout moun va wè,
Bondye ap sovè yo !»
Ki sa pou nou fè?
Wi, di nou kisa pou n fè?
Ban-n vè min-n ke nou ye!
Ki sa-w vle nou fè ?
Di nou ki kote pou-n ale.
Sa ki gengnyen de
rad,
se pou -l bay sak pa
gengnyen an
yonn.
C'est bon!
Sa yo-ki gen mange
dwe patage-l.
Met,
N’se kolektè kontribisyon sa nou dwe fè ?
Pa fè moun peye plis pase sa lalwa mande-a.
E pou nou mem-m ?
Kisa ou vle nou fè ?
Pa pran lajan anba tab nan men pèsòn.
pa fè manti sou pèsòn pou lajan.
Kontante ak salè nou.
Di nou…
Eske-w se Kris La?
Mwen Batize nou nan dlo,
Men yon moun ap vini, ki gen plis pouvwa pase-m.
Mwen mem-m, m-pa mem-m bon ase pou m ta demare sa pat nan pye li.
Se li mem-m ki va batize nou ak Sintespri e dife.
Li gen laye-l nan men li : lap vannen,
lap ranmase gren-n ki bon mete nan Galata-l.
Sintespri-a desan sou Jezi nan fom yon ti pijon.
Yon voua soti nan Syèl la, li di: «Sa se pitit mwen renmen anpil la Li fè ke-an kontan anpil.»
Jezi te gen trant tan konsa, lè-l komanse menistè li.
Lè li soti bò lariviè Jorden an, li te anba pwisans Sintespri.
Se konsa lèspri Bondye mennen-l nan dezè-a
se la satan vin-n tante-l pandan karant jou.
Tout jou sa yo li pat manje angnyen.
E satan di li:
Si-w se pitit Bondye bay wòch sa-a lòd pou-l tounin pen.
Pawòl la di,
«Lòm pa viv sèlman ak pen men ak tout pawòl Bondye.»
Apre sa, satan mennen-l Yon kote ki ro anpil. Yon sel kou, li montre-l tout peyi ki sou latè.
M-ap ba ou tout pouvwa ak tout riches sa yo.
Yo renmet tout bagay sa yo nan men-m mwen ka bay moun mwen vle yo.
Tout bagay sa yo pou ou si-w mete ajenou devan-m e adore-m.
Pawòl la di: «Wa adore Segnè Bondye-w
E wa sèvi li men-m sèl.»
Apre sa, satan mennen-l lavil Jerizalèm, li mete-l kanpe sou point fètay tanp lan.
Si-w se pitit Bondye, rete isit la, lage ka ou anba.
Paske men sa ki ekri
«Bondye va bay zanj li yo lòd pou yo veye sou ou.
Y-a pote-w nan Men yo pou-w pa kase Pyè –w oken-n wòch»
Pawòl la di tou:
«Ou pa dwe tante Segnè Bondye ou.»
Jezi ale Nazarèt kote-l te grandi.
Bonjou.
Bonjou
Yon jou saba comme d’habitude, li antre nan yon sinagog jouif.
Yo rele-l pou-li ka li pou yo yon pati nan liv profèt Ezayi.
«Sentespri Bondye-a sou mwen.
Li chwazi -m po-u m pote bòn nouvèl la bay pòv yo.»
«Li voye-m pou-m fè tout prizonye yo konnen yo delivre Pou-m fè tout avèg yo wè ankò.»
«Pou-m delivre moun yap maltrete yo,
Pou-m fè yo konnnen lè-a rive, pou Bondye sovè pep li.»
Li pale bien
Pawòl ki ekri la-a akompli jodia,
Pandan nap tande –l la
Kòman pawòl la akompli ?
Men se selman Mesi-a ki ka akompli pwomès sa.
Kijan nap fè konnen ?
Koulyè-a nou pral dim pawòl sa yo :
«Dokte geri tèt ou !»
Di-m tou pou-m fè isit,
«Nan peyi a tout sa nou tande-m te fè nan peyi kapenawòm.»
Map di -n yon bagay,
Pa jan-m gen yon profèt ki byen resevwa nan peyi li!
Ak pawòl sa yo, Jezi fè konnen –l se mesi a.
Moun Bondye voye a pou sove pèp li a. Men Jwif yo pat aksepte-l kòm Mesi-a.
Pèp la te soti pou yo jete-l anba nan falèz.....
Men Jezi pase nan mitan foul moun yo....
La-l fè wout li,
E li desann kapenawòm yon vilaj nan Galile.
Pèp Jwif la te sou okipasyon Romen yo. Kote ou te pase nan peyi-a ou te wè sa.
Pep la menm tap tann Mesi-a pou vin kase kòd esklavaj sa-a.
La pè avek ou.
E avek ou men-m tou Mèt.
Eske kannòt ou a ka pote-m Pyè?
Men wi, Mèt.
Men mèt la pralè wi ?
Palè ak nou, Pale ak nou !
Wi, pale ak nou non !
Jezi, pale ak nou !
Te gen de moun ki te antre nan tamp la pou priye.
Yonn te yon Farizyen, lòt la te yon kolektè.
Farizyen- an te kampe apa pou-l priye:
«Mèsi Bondye di fè ke-m pa yon volè ; yon visye, yon adultè kòm lòt moun yo
Mèsi di fè ke-m pa kòm kolektè kontribisyon sa-a.»
«M-fe jèn de fwa nan yon semèn
Mwen bay ladi-m nan tou sa -m gengnen.»
Men kolektè-a te rete dèyè, li pat menm ka leve je-l gade syèl la
Li tap frape lestomak li, li di:
«Bondye, gen pitye pou mwen pòv pechè.»
Koute-m byen
Se pat farizien an non, men se te kolektè –a k t’al la lakay li ak peche l padonnen.
Moun ki leve tèt li yo va abese li,
e moun ki abese li
yo va leve li.
Avanse kannòt ou a plis nan fon,
E w va jete sen-ou pou kenbe pwason.
O Met,
Nou la pèch tout nwit la,
N’pa pran angnyen.
Men kòm ou di-nou sa,
Nou pral lague sen-n nan ankò.
Jak !
Jan!
Ey ! Jak ! Jan ! Vin-n ak kannòt ou,
vin-n ede nou fè vit !
Nou pa kapab, nou pran anpil tou!
Sa se kont! Sa se kont!
Pa rete bò kote-m, Mèt.
Mwen fè anpil peche.
Pa pè, Simon.
Depi koulyè-a wa pechè lèzòm.
Vin jwenn mwen, koute byen sa m’ap di nou, n’a jwen-n lavi.
Tounen vin jwenn Senyè a, pandan nou ka jwenn li an.
Lapryè nan pyel pandan li toupre nou an.
Se pou mechan yo kite move chemen y’ap swiv la. Se pou malveyan yo wete move lide k’ap travay nan tèt yo.
Se pou yo tounen vin jwenn Senyè a Ki va gen pitye pou yo.
Paske l’ap padonnen tou sa yo fè.
Ya va soti ak kè kontan Y’a mennen yo tounnen lakay yo ak kè poze
Men lap vini: li la oui: Gade, Gade !
Jezi! Jezi!
Tanpri vin-n sove pitit fi-m nan non !
Pitye pou mwen ! Se sèlman douzan-l gengnen, lap mouri. Tanpri, tanpri, vi-n avè-m !
Jaris, m-regret sa….
Jezi !
Pitit fi ou la deja mouri. Pa derange mèt la ankò.
W-pa bezwen pè.
Sèlman kwè e la va geri.
Pa kriye,
Li pa mouri men lap domi.
Pitit
Leve.
Nou met ba-l manje.
Men atansyon.
Pa di pèsòn sa k rive la.
Apre sa, Jezi rankòntre yon kolèkte kontribisyon yo rele matie Levi
ki te chita deyè biro-l bò pot la ap ramase lajan.
Swiv mwen.
Lè sa-a Jezi monte sou yon timon pou-l la priye, li pase tout nwit la ap la priye Bondye.
Lè-l fè jou li di douz Mesye li te rele Apòt yo bonjou,
li te chwazi yo pou mache ak li pou aprann tout bagay nan men-l.
Se te: Simon, li te rele-l Pyè
ak Andre, fre li
Jak
e…Jan
Filip…
ak Batelèmi
Matie
ak Toma
Jak, Pitit Alfè-a
…ak Simon, Zelòt la
Jud, fre Jak la,
…avek Juda Iskaryot sa ki te trayi Jezi-a
Byenere nou menm ki pòv,
paske wayòm syèl la, se pou nou.
Byenere nou menm ki grangou paske nou va rasazie.
Byenere nou menm kap kriye, paske nou va kontan.
Byennere lè moun rayi nou, pa vlè wè- n e joure nou Akoz pitit lom nan
Fè kè-n kontan lè sa va rive fè fèt. Paske gen gro rekompans kap tan-n nou nan syèl la.
Se konsa zanset yo te maltrete ansyen profèt yo.
Sèz... diset... dizwit, diznèf... ven… Sa sèlman-m gengnen !
Sa wap vindi-m se sa selman ou gengnen-an !
Sa va terib pou moun rich yo,
yo te gen yon vi fasil sou la tè..
Li di nou pa bezwen vin rich, li dwe fou.
Sa pwal rèd nèt pou moun kap ri koulyè-a.
Paske nou pwal nan la pèn-n e nan rèl.
Atansyon lè moun ap di bon bagay de non.
Paske se konsa zanset yo te kon-n di bagay pou fo profèt yo.
Men map di nou, Sa kap koute -m
renmen lèdmi nou.
Fè byin pou moun ki rayi nou.
Beni moun ki modi –nou
Priye pou moun kap maltrete nou.
Si yon moun ban nou yon kou sou yon bò figi,
vire lòt bò a ba li tou.
Si yon moun pwan palto non, kitel pwan chemiz la tou.
Moun ki mande nou, ba li ki choy.
Si yon moun pran sak pou-ou,
Kite li pou li
Fè pou lòt moun,
Sa ou ta renmen yo fè pou ou.
Si nou renmen selman moun ki renmen nou,
ki benediksyon -k gen nan sa?
Mechan yo tou yo fè menm bagay la.
Si nou fè byen selman, ak noun ki fè nou byen,
ki benediksyon -k gen nan sa ?
Mechan yo tou fè sa.
Kòman-l fè touche-l?
Koman-l apfè ap pala-k li?
A la ont!
Non,
renmen edmi nou yo,
fè yo du byen.
Pwete yo san nou pa gen espwa ke yo va remet nou.
Konsa nou va resevwa gran rekompans.
Se lè sa nou va pitit Bondye.
Paske Bondye li menm li bon anve tout moun.
Gen ke sansib.
menm jan Bondye gen ke sansib.
Sove-n, Jezi!
Pa jije konsa yo pap jije nou!
Pa kondanne,
konsa yo pap kondamne nou!
Padone,
Konsa yo va padone nou.
Montre nou chemen an non, Met !
Bay, ya bay nou tou.
Mezi nou bay se mezi nou va resevwa.
Eske yon avèg pa ka kondwi yon lòt avèg.
Si sa fèt, yo tou de va tonbe nan mem-m trou.
Pouki sa ou wè ti pay ki nan je frè ou, e ou paka wè gro bout boua ki nan je pa-w la?
Kondwi nou non Mèt.
Nou bezwen –w kounyè a Mèt !
Bienere manman-k te pote-w nan vant e-ki ba-w tete!
Bienere moun ki koute pawòl Bondye-a
e-k obeyi-l.
M-ta renmen konnen nonm sa-a.
Eske-w kwè se li menm,
ki Mesi-a?
Farizyim sa-a te invite Jezi vi-n manje la kay li, Jezi ale la kay li, li chita avek yo pou-l manje
Wete ko mou la timoun!
An nou wè
An ale.
Timoun yo pa manke dezod.
Sa fan-m movè vi sa ap fè la?
M-pa konen.
E kisa lap fè?
Si nom sa-a te yon profet tout bon se pou-l ta konnen ki kalite moun fanm sa-ak ap touche la ye.
li ta konnen ki kalite move vi fanm sa-a ap mennen.
M-konnen ki moun, fan-m sa ye Simon.
Kite di ou yon bagay.
Te gen de moun kite yon nomm lajan,
yonn te dwe-l sink san goud : lòt la sinkant goud
ni yonn ni lòt pat ka peye lajan
alo li di nom an yo
kiles nan yo k va rinmen-l pi plis ?
M suppoze se sa –k te dwe li plis la, se pa vre.
Se sa men-m !
Ou wè madam sa-a?
M-antre la kay ou, ou pa banm dlo pou-m lave pye m
li men-m, li lave pye-m avek dlo je-l e seche-l avek cheve-l.
Ou pa bo-m l-m antre lakay ou,
men li men-m de pi-l antre li pa bouke bo pye-m.
Ou pa vide luil oliv sou tèt mwen,
men li men-m li vide pafin sou pye-m.
koute sa map di-w,
Gro lanmou sa a, montre ke tout peche li yo padonnen,
Men moun yo padonnen yon ti kras,
Se yon ti kras lannou-l montre.
Peche ou yo padonnen.
Fwa-w sove -w, ale an pè.
Apre sa, Jezi ale mache tou patou li tap fe konnen ban nouve’l wayòm Bondye -a.
Douz disip li yo te avèl, te gen kek Medam avè-l tou, se moun li te wete movèz espri sou yo.
Mari moun Magdala,
Joan-n, Madam Chouza kite yon nan Jeran Erod yo,
ak Suzan-n
Men, Erod yo te mete Gouvenin pe yi Galile-a te jete Jan Batis nan prizon,
paske te-l denonse Mariaj li te fè ak Madam Frè li.
Ki Donk?
Kòm nou tap antre lavil Nayi-n
yon lantèman vi-n ap soti.
Mò-a se te sel pitit gason yon vèv.
Le Jezi te wè sa ke’l fe-l mal pou Madanm la-n Li …touche sèkèy la epi-li di
«Ti nom, leve –m di-w»
Alò mò-a leve chita Jezi renmèt li bay manman-l
Mande-l
Di-l
Eske se ou ke Jan te di kap vini an ?
Ou, eske nou dwe tan-n yon lòt?
Mèt
Mèt
Jan Batis voye nou mande- w
Si se ou men-m ki gen pou vini an
Ou eske nou dwe tan-n yon lòt ?
Ale rakontre jan sa-n wè sa-n tande
Aveg yo wè,
Infim yo mache.
Byenere moun ki pa gen okent dout de mwen.
Leve-m souple.
Sou Zepòl mwen eske –w wè kounyè-a?
m ka wè Jezi!
Yo nom te soti pou la-l simen gren-n,
padan-l tap simen gren-n yo, kek gren-n tonbe bò chemen-an pye pile yo,
E zouazo nan syèl la te manje yo,
Yon pati tombe nan wòch yo.
E lè yo te leve yo te seche, paske yo pat jwen-n frechè.
Yon pati te tonbe nan pikan yo.
Pikan yo te grandi ak yo,
E toufe yo.
Lòt gren-n te tonbe nan bon tè a,
Gren-n yo te leve e donnen,
chak gren-n bay san grenn.
Mèt nou,
pouki sa ou toujou pale an parabòl lè foul la la ?
Bondye fè nou favè e li fè nou konnen sekrè wayòm li an.
Men pou lòt moun yo li pale an parabòl konsa yo gade yo pa wè,
Yo koute men yo pa konpran-n.
Men sa parabòl la vle di.
Gren-n-an, se pawòl Bondye.
Gren-n ki tonbe bò chemen an se moun ki tande pawòl la.
Men satan vini li rache pawòl la nan kè yo, pou pa rive kwè epi tou pou yo pa sove.
Gren-n ki tombe nan tè wòch la, se moun ki tande pawòl la e ki recevw- l ak kè kontan.
men yo pa gen rasin.
yo pa rive kwè pou lontan.
Lè zeprèv lavi tonbe sou yo,
yo vire do yo.
Gren-n ki tonbe nan pikan yo se moun ki tande pawòl la,
men yo kite traka, richès ak problèm lavi sa-a toufe yo,
Fwi yo pa janm rive rèk,
Gren-n ki tonbe nan bon tè-a,
Se moun ki tande pawòl la ki obeyi- l, ki kenbe-l e swiv li ak bon kè.
Yo kenbe fè-m jiskaske yo bay fwi.
Pèsòn pa mete yon lamp anba yon mamit,
ou byen pou mete-l anba yon kaban,
Men, li mete-l sou yon etajè…
konsa nenpòt moun kap antre ka wè limyè-a.
nan pwen angnen ki kache ki pap devwale
nan pwen yon sekrè, ki kache ki pap parèt tout a klè,
fet a tan Si on avek sa nap tande, paske moun ki genyen, deja- ya ba li plis
men moun ki pa genyen, ya wète nan men-l men-m ti sa li kwè-l te gengnen an.
Met …
Men manman-w ak frè-w yo deyò-a
Yo ta renmen wè-w.
Manman ak fre-m se moun ki koute pawòl Bondye,
E ki obeyi li
Yon jou, Jezi monte nan yon kannot ak disip li yo li di an nou travese lòt bo letan.
Pandan yo tap ma vigue do mi pran Jezi.
Met !
Met !
Nou pra-l mouri !
Dlo lan me-a fi-n anvayi nou, nou pra-l nouaye! ove-m Tanpri, Met sove nou !
Nou pral sove!
Kote la fwa nou ?
Yo fe voua-l yale Gadara, ki lòt bo letan an fas Galile.
Jezi,
pitit Bondye ki anko nan Syèl la
kisa vle de mwen ?
map suplye ou,
pa pini mwen
Kijan yo rele ou?
Rejiman.
Tanpri, Met
Pa voye-m ale
nan gro trou san fom an.
Kite m antre ...
nan ban-m ...
kochon … sa yo.
Ey!
Tonnen –n!
Rete-l
Rete-l
Epi movèz espri yo soti sou non-m lan ... e Yo antre nan kochon yo.
Kite isit la,
Ale!
Vye bòkò!
Pati!
Kite isit la!
Pati!
Al fè wout ou!
Map swiv ou nenpòt kote-w ale.
Kite-m,
vini avè ou.
Tounen lakay, ou
e rakonte sa Bondye fè pou ou.
Jezi e dicip yo ale Betsyda poukont yo.
Men lè foul apran-n ki kote yo te ye, yo te swiv yo.
Ta nan aprè midi, Pyè di:
Mèt mwen
voye moun yo al la kay yo,
nan bouk nan vilaj yo pou ya-l chache s manje ak kote pou yo domi
paske bò isit-la se nan dezè nou ye.
Pou kisa nou pa ba yo manje nou men-m?
Men sèl sa noun genyen se sink pen ak de pwason.
Mesi Bondye, papa nou kinan siel la oua de li mi ve, Rou ki ban nou pin sou la te pou nou manje.
Se yon mirak!
M-pa ka kwè li!
Kimoun yo di mwen ye ?
Gen moun ki di ou se Jan Batis,
men lòt moun di ou se Eli,
Kèk lòt di ou se yonn nan asyien profet yo,
ki resisite a la vi.
E nou men-m ?
Kimoun nou di mwen ye ?
Ou se Mesi-a
Piga nou di peson sa.
Pitit lom nan gen pou-l soufri anpil yo va rayi-l.
Yo va tuye li.
Men nan twa jou li va resisite.
Kimoun ki vle mache ak mwen ?
Map swiv ou Met.
Men anvan kite-m al di moun lakay mwen orevoua.
moun ki mete men l nan chari ki kontinye gade dèyè, li pa prop pou Roua yo’m de Die.
Si yon moun vle swiv mwen se pou-l bliye te-t li.
Chaje koua-l chak jou, e swiv mwen.
Paske moun ki vle sove la vi-l vape di-l.
men mwen ki va pedi lavi pou mwen va sove-l.
Sa sa ta va sevi a yon nom pou pou pose de le mond antie, si-lpe de nanm li.
Si yonn nonm gen ront de mwen e de pawòl mwen,
pitit lom nan va gen ront de li, le-l va paret nan gloua li,
E nan gloua papa li pa mi zanj yo.
Map di nou.
Gen nan nou la ki pap mouri pa za van yo wè Wayòm Bondye- a
Jezi pran Pye, Jan ak Jak epi li monte sou yon mon pou’l al la prie.
Pandan-l tap la prie fi gi-l vi-n chanje rad li vi-m klere tou blan.
De ansyin profet tap pale nan mitan yon be’l limie se te moiz ak Eli.
Ou pra-l fè sa Bondye vle –a
Ou pra-l mouri nan Jerizalem.
Le profet yo, ta pral kite Jezi, Pye di li …
A la bon sa bon met pou nou te isit la
ann monte twa tikay,
yon pou ou,
Pandan Pyè tap pale yon nwaj desan sou yo e kouvri yo alò dicip yo te pè
yon vwa soti nan nwaj la li di konsa, «Sa se pitit mwen, se mwen-k chouazi-l: Koute-l»
Met !
Met !
Tanpri, voye Je ou sou Gason-m nan,
souple, souple ede-l non.
Se sel pitit gason-m gengnin
M te mande discip ou yo pou chase demon an
Men yo pat kapab
O ban-n moun san la fwa-a
Jouk ki le pou-m rete isit-la e sipòte nou ?
Mennen pitit la isit.
Mezanmi pitit la geri !
Se yon mirak !
Montre nou kijan pou-n la pryè, tankou Jan te montre disip li yo.
Lè nap prye, men sa pou nou di,
«Papa nou ki nan Siel la
Ke non ou ka santifye
Ke Wayòm ou vini
ke volonte ou ka fèt sou la tè men-m jan-l fèt nan Syèl
Bannou chak jou pin ke bezwen an
padonnenn peche nou yo
menn jan nou padonnenn moun ki fè nou mal
pa kite nou tombe nan tantasyon
men delivre nou anba satan.»
Mande ya ban nou,
chache e nou va jwen
frape e pòt la va louvri pou nou
ninpot moun ki mande, ya ba li
moun ki chache li va jwen
e pot la va louvri pou moun ki frape.
Kilès nan nou ki ta va bay pitit li yon koulèv,
si-l ta mande-l yon pwason,
Ou yon eskòpyon si –l ta mande-l yon ze ?
Si n konnen pou-m bay pitit nou bon bagay a plis fòt rezon,
Papa nou ki na syièl la, konnen pou-l bay sentespri-a a moun ki mande li.
Map di nou sa
pa inkyete nou pou sa nou va manje, nisa nou va bwè,
ni pou rad nou va bezwen pou mete
la vi plis enpòtan pase manje, e kò mou pi enpòtan pase rad
Gade ti zwazo yo,
yo pa plante, yo pa rekòlte, yo pa gen depo,
e poutan Bondye pran swen yo,
Nou men-m nou vo pi plis pase zwazo yo
kilès pa enkyetid li,
ka fè lavi-l vi-n pi long ?
Si nou pa ka fè bagay sa yo
Poukisa nap trouble nou konsa ?
Gade pye flè yo, Jan yo pouse.
Yo pa travay, yo pa fè twa-l ...
Men Wa Salomon nan tout glwa li pat jan-m pi byen abiye pase yonn nan yo.
Si Bondye
Abiye pye zèb yo ki gen pou boule yon jou nan dife,
a plis fòt rezon lap pran swen de nou,
O bann moun san la fwa.
Ban nou plis lafwa.
Si la fwa nou te grosè yon ti gren-n moutad
nou ta di a Yon pye bwa- t chèn
«de rasinen tèt ou, al plante tèt ou nan lanmè» e-l ta obeyi ou.
Map toujou tante pou- n fè peche,
Men malè a moun kiva koze sa.
Li ta pi bon pou li pou yo mare yon pwa lou nan kou-l e lage-l nan lanmè,
olie ta va fè yonn nan timoun yo tonbe.
Ak kisa wayòm Bondye-a sanble?
Li sanble ak sa
Yon non-m pran yon gren-n moutad pou pou la-l plante nan jaden-li.
Grenn nan pouse, l-deveni yon pye bwa,
zwazo nan Syèl la fè nich nan branch li.
M pa fi-n konpran-n sa-l di la non.
Pou kisa wap manje e bwè avek tout moun movèz vi sa yo.
Moun ki ansante pa bezwen doktè, men se moun ki malad.
Mwen pa vi-n rele a la repantans, moun ki dwat,
men moun kap fè mal.
Pale nou anko de wayòm Bondye a.
Eske gen lòt bagay toujou ?
Pa pè Bann ti mouton yo Papa nou pran plezi pou ban nou wayòm nan;
vann tout sa nou genyen, bay pòv lajan an,
chache yon bous ki pap chire epi sere lajan nan Syèl, kote li pap janm fini.
paske la vole pap ka jwen li,
e poud boi pap ka manje li,
kote kè nou ye se la riches nou ye.
Madam,
Ou geri de maladi-w la.
Gade, gade, Madanm geri! Se yon mirak! Yon mirak li geri, vini wè
Lw lw lwè …
L etenel
M-delivre ! Bondye va beni ou, Met.
Gen sis jou pou nou travay,
se pou nou vini jou sa yo, pou nou geri,
men pa vini jou saba.
Bann ipokrit !
Eske nou pa mennen bèf nou ak bourik nou, e lague yo pou ya-l bwè dlo nan jou saba.
E men yon fanm de Ras Abraham ke satan mare anba Maladi depi dizuit an
nou panse ke-l pat dwe geri jou saba ?
Bon mèt, kisa pou-m fè pou-m recevwa la vi etènèl ?
Poukisa-w rele-m bon ?
Se yon sèl moun ki bon, Sèlman Bondye
Ou konn kòmandman yo:
Ou pa dwe komèt adilitè ;
Piga-w touye pèsòn e pa akize moun fos man,
respekte papa-w ak manman-w.
Men depi-m tout piti mwen gade tout komandman sa yo.
Men –w manke yon Bagay toujou.
Vann tout sa ke ou genyenn bay pòv lajan an.
Ou va gen yon richès nan Syèl la.
Apre sa vi-n swiv mwen.
Se komèsan -n ye.
Nou rich.
Li va difisil pou yon nom rich antre nan wayòm Syèl la.
li va pi fasil pou yon chamo pase nan trou yon je zegwi
pase pou yon, nom rich antre nan wayòm syèl la.
Nan ka sa-a ki moun ki kap sove?
Sa- k inposib pou lòm, li posib pou Bondye.
men kikote ekzaktenan
wayòm Bondye-a ye?
Wayòm Bondye pap vini yon fason ke nou kap wè-l
pèson pap ka di
Gade
men-l isit, ou men i laba,
paske wayòm Bondye a pami nou.
Gen yon lè nou va anvi wè jou pitit lòm nan,
men nou pap jwen li,
men-m jan kout zeklè ap fè, yan yan nan Syèl la depi nan yon pwent jouk nan yon lòt pwent,
konsa jou pitit lòm lan va ye tou.
Men avan sa- la gen pou-l soufri anpil, yo va rejete l.
L’ap pi fasil pou tè-a ak syèl la pase ke you sèl ti pawòl nan liv lal lwa pèdi valè li.
Paske map di nou anpil profet te vle we sa nou ap we jodia men yo pak we li
e tande sa nap tande you pat tande li.
Sa pou’m fe?
Kisa liv la lwa-a di ?
Kouman-w entèprete li.
Se pou renmen Bondye ak
tout ke on
ak tout nan’m ou
ak tout fos ou
ak tout lespri ou,
renmen vwazen ou tankou’w renmen tet pa-w
Se trè byen si’w fè sa wa viv
Men ki moun ki pwòchen mwen ?
Se pa solda sa yo !
Sa pou-n di de Ceza ?
Te gen yon no’m ki te Soti Jerizalen li t’a prale Jeriko
asasen te atakel
yo bat li yo pran rad li yo kite l twa ka mò
Le sa te gen yon prèt ki tap pase nan men’m wout la li wè nonm nan... Li pase l’al fè wout li
Konsa tou te gen yon levit ki te vin ap pase nan men’m wout la, li we nonm lan li gade-l, apre sa l’a l fe wout li.
Men te gen yon samariten ki tap vwayage nan men’m wout la,
li rive kote non’m nan li wè li e kè li fèl mal.
Li vide lwil ak divin sou ble si li yo. Li panse yo.
Apre sa’l metel sou bourik li li kondwi li nan yon otèl kote yo pran swen de li.
Nan denmen li peye met otèl la.... ...epi li di: Oki pe’l pou mwen.
E lèm va tounen mwen va peye nou pon nenpòt lòt depans anplis ke nou fè pou li.
Nan twa moun sa yo, kilès ki montre ke se li men’m ki te pwòchen nonm nan?
Non’m ki te gen pitye pou li-a.
Ale fè men’m bagay la!
A-a-a
Kite ti moun’m yo vin’n jwen’n mwem. Pa anpeche yo,
paske wayòm syèl la se pou yo.
An verite map di nou.
Si yon moun pa aksepte wayòm Bondye tankou yon timoun, li pap jan’m antre la dan’l.
Moun ki resevwa timoun sa yo se mwen men’m yo resevwa.
Moun ki resevwa’m yo, resevwa moun ki voye’m nan.
Moun ki pi piti la-a, se li men’m ki pi gran pa mi nou.
Ey sak genyen Kimoun kap pase la?
Se Jezi de Nazaret, lap pase kounyè a la.
Jezi
Jezi
Jezi Pitit David, la gen pitye pou mwen!
Ki sa’w vle-m fè pou ou ?
M- ta renmen’w fè-m wè ankò
Ebyen wè.
Se la fra’w nan Bondye ki geri-w.
Mwen ka wè!
Mwen ka wè!
Mwen ka wè!
Pandan Jezi te nan chemen pou Jerizalem, yon ban’n moun tap swiv li tout kote l pase.
Moun yo mande’l kisa pou yo fè pou yo ka delivre e kisa wayo’m Bondye a ye.
Nom-m sa se yon pwofèt tout bon vre.
Segnè e mèt mwen sove-m!
O Segnè, sove-n sove-n!
Glwa a Dye!
Montre nou vrè chemen an Segnè!
Moun yo te komanse rekonet li kom Rwa ak Met yo.
Nan Jeriko, te gen yon chef nan biro kontribisyon an yo te rele zache.
Li te si telman anvi wè Jezi, li monte sou yon pyebwa pou’l te ka piro pase foul moun yo.
Kouri, desan’m zache.
Fok m- al lakay ou jodi-a.
Lakay mwen?
Sa-l pral fè lakay li ?
Kote Zache konnen Jezi ?
Gade.
Map bay
Mwatye nan sam gen yen
Pou pòv yo
E si-m te
Vole nenpòt moun
Map renmèt li
Kat fwa lavalè
Se pa posib! Kolektè kontribisyon ap renmèt tout lajan li te vole mpa kwè sa!
Le sali antre nan kay sa jodia.
Paske non’m sa se yon pitit Abraham li ye tou.
Pitit lòm nan vi-n chache e sove nan’m ki pedi.
Tande
Nou prale a Jerizalem.
Kote tout sa profet yo te ekri sou pitit lòm nan va rive.
Yo pral la gel nan men nasyon yo.
Ya moke l,
ya maltrete-l e krache nan vizaj li
Ya bat li e tye-l
Men nan twazyem jou-a
la leve.
Men-m lè Jezi konnen –l ta pra-l mouri pou peche lèzòm. Li deside pran chemen pou Jerizalèm.
Anpil moun te kontan le yo wè-ll ap vini, epi yo resevwal tankou Rwa yo.
Met, manyen fè disip yo pe bouch yo non.
Koute-m si yo ta va pe bouch yo
Tout wòch yo men’m ta va komanse pale.
La pè nan syèl la e Glwa pou wa a!
Le Jezi rive tou pre Jerizalem, li gade vil la li kriye pou li.
Si Selman,
jodia ou te ka konnen ki kote pou ale pou lape ke’w pat ka jwen’n nan.
Jou a ap vini kote lenmi-w yo va bare’w tou pa tou,
Ya kwense-w ya bat ou tou lè de bò
Ya detwi nan lakou kay ou,
ou men’m ak pitit ou yo
Yo pap kite yon wòch sou yon lòt wòch paske ou pat rekonèt Bondye nan jou ke-l te vizite-w la.
Tanp Bondye nan lavil Jerizalem nan se yon kote pou moun adore Bondye,
men yo fe li tounen yon mache, yon kachet vole.
Pawòl la di :
« Kay mwen se yon mezon de pryè »
men nou men’m nou fè-ll devni yon kavè-n de volè.
Lap vini sou zannimo-m yo
Kenbe-l!
Kenbe’l !
Rele polis! Rele polis!
Opozisyon an vin pi plis nan mitan lidè politik e religye yo paske pèp la te deja pwoklame-l wa.
Mwen tande gen anpil moun ki di ja prakame-l Rwa
O-Rwa,
Rwa mandian ak vole. Nou deja we’ Moun konsa
yo vini, yo regle zafè yo, yo pati, moun’m bliye yo
Pa fe aveg.
Plis moun ap swiv li plis chak jou
Moun yo renmen li...
E yo kwe-l se Rwa.
Bandi nou ti bagay. Si non’m sa ban mwen plis traka, se nou kap responsab.
Mwen Kwe-l gen rezon,
Li lè pou-n konfronte non-m Galilie-a
Plis li tap atake ban’n Ipokrit yo, direkte la lwa yo ak farizyen yo....
Se Konsa, pèp jwif la tap swiv plis
li e moun li tap denonse yo vin rayil pi mal.
Pandan-l te nan tanp-la. Jezi wè yon pòv vèv ki mete de kòb nan bwat ofran’n nan.
Pouki ou pa bay plis !
Koute-m,
Pòv vèv la te bay plis pase tout lòt moun yo
Paske lòt moun yo sesa yo gen an plis yo te mete nan bwat la.
Men li men’m, nan tout mizè li, li te mete ti sa li genyen poul viv ak li ya.
Manyen di nou….
Ki dwa’w genyen pou di bagay sa yo ?
Ki Moun ki ba-w dwa sa
Kite-m poze nou yon keksyon!
Ki moun ki te bay Jan dwa pou batize moun: Bondye osinon Lezòm?
Kisa pou-n di?
Si nou di se Bondye,
la mande nou pouki
nou pat kwe nan Jan?
Men si nou repon’n se lezòm, tout pèp la va kalonnen -n anba wòch,
paske yo tout kwè Jan Batis te yon profèt.
Nou pa kon-n ki moun kite ba-l dwa sa.
Mwen men’m tou mwen pap di non kote’m jwen dwa pou’m fè bagay sa yo.
Yon no’m te plante yon jaden rezen.
Li te bay moun li an de mwatye
Apre sa’l soti’l fon ban’n tan deyò.
Le jou rekòt la te rive,
li voye yon sevitè kote travayè yo.
Pou resevwa deyo pòsyon rekòt pa li.
Men yo te bat sevitè-a e retounen’l san anyen e li ...
te voye yon lòt sevitè.
Yo bat li byen bat, yo fè-l pase anpil mizè e yo fèl tounen san anyen.
Mèt jaden an voye yon twazyèm sevitè. Yo bat li tou e yo mete- l deyò nan jaden an.
Mèt jaden an di: «Konnyè ki sam dwe fè? Ma voye pròp pitit Gason pa’m.»
Se surenman ya gen respè pou li.
Men lè travayè yo wè lap vini yo di antre yo:
«Men pitit mèt Jaden an.
An nou tiye li konsa tout jaden an va rete pou nou.»
Di-n plis Segnè
Yo mete-l deyò nan jaden an.
E yo tuye’l
Konnyè-a ki sa mèt jaden an va fè ak travayè sa yo?
La vini la va tuye yo tout e bay lòt moun jaden nan pou travay.
Kisa pawòl sa vle di?
«Wòch ke yo te jete kòm etan san valè.
Devni wòch ki pi enpòtan nan kay la.
Si yon moun tonbe sou wòch sa a lap kraze an moso.
E si wòch sa tonbe sou yon moun
lap redwi an pousyè.»
Met…Nou konnen tout sa ou di ak tout sa ou montre se verite
Nou konnen ou pa gade sou aparans moun, men ou montre chemen Bondye a jan li ye a.
Di nou,
eske se kont lalwa pou-n peye taks bay lanpere seza, wi ou non ?
Atansyon senye lape seye pyege-w !
Ban-n yon 50 santi-m
Potre e non kimoun ki ladan-l?
Seza!
E byen bay a Seza
sa ki pou Seza,
e a Dye
sa ki Bondye
Ki sa –w va repon li ?
Jou fet san le’t ven an tap vini Se jou yo fete fet Pak la
Jezi voye Pye ak Jan devan, pou y’al pare manje Pak la
Mwen te vle manje Pak la avek nou avan mwen Komanse soufri.
Kouten’m
Mwen pap jan’m manje li anko avan ke li genyen yon sinyifikasyon nan Wayòm Bondye-a
Louwe Letènèl Bondye nou.
Rwa de linivè,
ou men m ki fè pye rezen an donnen.
Pransa e separe-l antre nou.
Men map di nou mwen pap jan’m bwè diven sa ankò jis kaske Wayòm Bondye a tounen.
Mesi Senyè Bondye nou,
Rwa de tout la tè.
Ou men’m ki fè latè bannou pen.
Sa sekò mwen ‘l te brize pou nou.
Pran sa e toujou sonje mwen.
Koup sa se nouvèl alyans nan san mwen ki te koule pou nou.
Men gade, moun ki gen pou trayi’, nan… li la avek mwen bò tab la
Pitit lòm nan gen pou’l mouri vre. Jan Bondye vle –a. Men malè a moun ki va trayi’l la.
Sa paka fet
Met, se ki moun?
Sa imposib!
Di -n ki moun Segnè
Moun ki pi gran pami nou an dwe tankou pi piti-a.
E sa kap kòmande-a dwe tankou sa kap sèvi-a.
Ki lès ki pi gran?
Moun ki chita bò tab la ap manje a o Sila kap sèvi-a?
Byen si se si la ki chita kap manje!
Men mwen men’m mwen pani nou tankou si sila kap sèvi-a.
Mezanmi, kenbe fè-m ak mwen nan tout triblasyon yo.
E men’m jan papa’m ban’m dwa pou’m jouvènen an.
Konsa ma ban nou dwa pou jouvènen.
Na manje, na bwè sou tab ansan’m ak mwen nan Wayòm nan.
Na chita sou tròn pou nou jige douz tribi Izrayèl yo.
Konsa pa gen moun k’ap trayi ou ankò ?
Simon, Simon gade
Satan vle sonde nou tout kila,
li vle separe sa ki bon de saki mal, men’n jan yo van nen gren’n pou retire pay yo
Men- m priye pou ou, pou ke fwa ou pa febli.
Le’w va tounen vi-n jwen’n mwen fòtifye frè-w yo.
Met
Mwen pare pou m-al nan prizon ave-w
Pou-m mouri pou
Koute-m Pye
Avan kòk la chante jodia, wap deja nye-m twa fwa di -w pat konnen’m.
Lè m te voye nousan lajan san manje, san sou lye, eske n te manke anyen?
Non,
Anyen men-m
Men kounyèa moun ki gen yon ti lajan se pou’l mache ak li,
moun ki pa Gen epe se pou-l van-n rad li e achte yon’n.
Paske map di nou,
pawòl la ekri ke yo «Mete ansan’m ak mechan yo »
E sa ki ekri o sije de mwen an pral akonpli
Gade
Men de epe Senye
Se Kout!
Tout Chef pret yo reyini pou yo we kijan yo kapab touye Jezi
Satan antre nan ke Jida, youn nan dous disip yo.
L’al fe Konplo ak pret yo pou-l ba yto Jezi.
Jezi kite jerizalem e la-l sou mòn olivye pou-l prye
Priye pou nou pa tonbe nan tantasyon.
Jida Iskariot te trayi Jezi pou trant Pyes lajan.
Jezi te konnen le pou-l mouri a tap pwòche.
Li ta pra-l mouri pou peche tout moun sou la te. E Li la priye Bon Die
Papa
si se volonte’w
elwaye koup sa-a devan-Zye-m.
Tout fwa,
Mwen pa vle se volonte-m ki fèt men volonte pa-w.
E Yon Zanj soti nan syèl la Paret devan li pou ba-l kouraj.
E La swè li tap koule tankou gro gout san ki tap tonbe a te
Pouki sa n’ap domi ?
Leve,
la priye pou nou pa tonbe nan tantasyon.
Jida
Se avek yon bo wap trayi pitit lòm nan ?
Met, nou met voye kout ape ?!
Annou wè arete msye !
Sispan’n
Se yon mirak!
Pou Kisa nou vi’n deyè-m ak epe Ak baton, kon’n si –m te yon krimenèl,
Mwen te avèk nou chak jou nan tanp lan nou pat jan’m eseye arete’m.
Kounyè-a se tou pa nou,
paske se satan kap dirige.
Arete M-Sye!
Veye -l byen
Solda yo mennen-l nan lakou kay souvren sakrifikatè-a. Yo pran pase-l nan betiz, yap rele li Rwa jwif yo.
Solda men rad Rwa-a
Di nou sa-k pral pase!
Eske –w pral sove o Rwa? Eske-w pral sove nou?
Non-m sa tou te avek Jezi
Madam m-pa konnen nom-m sa a.
M-te wè yo ansan-m
Se sevi nap sevi’w
E Konnyea kijan’w santi’w?
Sanble m-te we’w avek yo?
Mwen, se pa vre!
Nan pwen mank nan sa, Non’m sa te avek Jezi
paske se moun Galile li ye tou.
A-l laba
Non monchè se pa mwen men’m wap fè ère. E Konnyea kijan’w santi’w
Jezi vire li gade Pye nan je,
E pi Pyè sonje sa Segnè a te di-l la.
«Avan kok chante jodia wa gen tan nye mwen twa fwa.»
Mèt mwen mande’w padon, paske-m nye-w.
Se ou men’m ki Dye damou.
Dye de mizerikod gen pitye pou mwen.
Ou
ki toujou padonnen moun ki konfese peche-l
Gen pitye pou mwen pou lanmon de non’w
Ou te konnen mwen ta pral nye-w, mwen nye-w vre,
Met pa lese-m si kombe sou ple, pa fache a ve-m, akòz lanmou ou
Padone-m souple, pa kite-m tombe anba pinisyon-w!
Kilès ki frape-w ? Di n.
Di nou
ki moun ki pral frape-w
Rete!
M- di non rete!
Mennen-l devan tribinal la !
Ale
Gran Konsey Jwif yo reyini pou yo poze-l keksyon
Di nou
eske’w se Kris la?
Si-m repon’n noun,
nou pap vle kwè mwen
si-m ta poze nou yon keksyon nou pap jan-m vle repon’n mwen
A pati de jodia, pitit lòm nan va chita adwat Bondye Toupwisan-an
Alo,
se ou ki pitit Bondye-a?
Oui, se sa m ye.
Ki moun ki ba-l dwa pale konsa?
Koupab
Nou men-m nou tande sa-l di-a!
Nap mennen -l bay Pilat
Wi. Wi an-n mennen-l
Ale!
Yo menen-l devan pons Pilat, nan tout gouvènè Romen yo se li kite pi malveyan
Se li men-m kite deja krisifie yon ban-n moun.
Eki sa nou vle isi-a, gran-m ti maten sa -a
Nou bare non-m sa ap monte tèt pèp-la.
Li lakòz yon lòbèy pete nan mache tanp-lan
Sa pou nou fè li ?
Kondane-l
M’ pa wè rezon pou kondane non-m sa di tou.
Nou Jwen li koupab, lap di moun yo,pa peye taks bay enperè, li men-n rive pretan se kris li ye...
yon wa.
Yon Wa,
Eske w se wa jwif yo?
Se sa-m ye.
Li komanse dezòd sa depi nan Galile rive jis isit
Nan Galile?
Se moun galile ye?
Nan ka sa
n’ap kite rwa Erod regle Koze-a.
Li Isit nan Jerizalem toujou pa vre
Mennen-l bay Erod
Ki moun ou di-ou ye?
ki moun ou rele deisip-yo?
Anpil moun di-ou kon fè mirak!
Fè-m wè yo ?
Mèt,
lap plede monte tèt pèp la
li rele tèt li
yon wa.
Non-m sa a?
yon wa?
Mon Wa
Bat li byen bat!
Voye-l tounen bay Pilat.
Sa se problem pa-l
Non-m sa pa fè anyen ki merite lanmò....
M’ap fè bat li byen bat
epi ma lague-l
Ou oblige lague-l amwenyon moun pou nou pou fèt sa-a
Nou pito lague’
Barabas.
Wi, Barabas!
touye non-m sa-a.
oui, ban nou Barabas
Krusifye li -i
Wi! Krusifye - li
Ou men-n, ou men-m, bat li.
Ki sa wap tan-n Pilat ?
Li se Jezi
Pouki sa ou toumante-l konsa ?
Kite-l li se mesi-a.
Li pa fè an yen
Leve li
Le’ sa-a Pilat bay lod pou yo touye Jezi.
Li fè lague’ Barabas moun pep-la te vle-a
moun ki te nan prizon pou konple ak krim lan epi le remet Jezi nan men yo pou yo klour’-l sou la kwa.
Ou men-n,
ki jan-w rele?
Simon, Peyi sirèn
Vin bò isit
Koupe kòd yo
Ou men-m pote-l
Mache an ale
N’ap kriye pou-ou mèt, n’ap kriye pou-ou Bwè sa non, bwè.
Bwè Segnè
Medam Jerizalem
pa krye pou mwen
Kriye de prefèrans pou nou men-m ak pou pitit nou yo,
si se sa yo fè bwa vèt la,
kisa kiva rive li lè-l sèch ?
Ke Bondye ede-w
Nap prye pou -ou
Fè sa rapid
Leve- kwa-a
Ou men-m pike piket la!
Lache kòd yo!
Papa padonen yo!
paske yo pa konnen sa yap fè’
Li kon-n sove lòt
kite-l sove tèt li.
Sove tèt-ou, si-ou se Kris-la, desan-n sou kwa non
Fè nou wè yon nan mirak ou yo!
Sòlda yo fè tiraj .osò pou separe rad li.
Yo kloure Jezi sou Kwa-a nan mitan de vole
jan profèt yo te di-k la depi nan tan lontan.
Sa se pa rad ti magisyen òdinè-non.
Ey! Lage-l! Pa chire-l! Ou kon-n sa nap fè:
An-n fè yon tiraj osò
Ah ou gen chans! Kounyèa-w genyen li, sa-w pral fè ave l?
Yo mete yon te Pankat sou tet Kwa, sou pankat la yo te ekri: «Men rwa jwif yo.»
Si-w se wa jwif yo vre, fè-m wè-ou sove tèt-ou non.
Eske
Ou
Se Mesi-a
Sove
Tèt ou
E nou men-m tou
Ou pa pe’ Bondye?
l’ap resevwa men-m kondannasyon
ak nou
men li pa fè anyen ki mal
Songe m’Jezi
le oua vini kom koua
Map promèt ou
Jodia men-m ou va nan paradi
Ak mwen.
Vè midi konsa, yon gro fè nwa te tonbe sou tout peyi-a, juska twazè aprè midi.
Rido tanp lan chire nan mitan fè de moso
Papa,
nan men ou
mwen remet
lespri mwen.
Lè kapten lame-a wè sak te rive, li bay Bondye Glwa
Glwa-a pou Bondye, tou bon vre non-m sa te inosan.
Jozèf, moun lavil arimate – a, te fè pati gran konsyel jwif yo,
sete yon moun de byen, li pat dakò ak lòt yo te fè,
li mande pons pilat pèmisyon pou yo mete kò Jezi nan yon kavo, anvan solèy kouche, anvan le saba.
Eski ze nou n’ap swiv kadav mèt nou-an
Nou mèt vini
Men fè vit
Jou saba prèt pou rive.
Dimanch matin byen bone, yo vini bo kavo-a, ak tout pafin yo te pare’
Yo jwen-n-n roch la roule byen louin soti devan bouch kavo-a. Men le yo antre, yo pa jwen-n kò Seyè Jezi
Pouki n’ap chache moun ki vivan pa mi mò yo, li pa isit, li resisite,
sonje sal te di-nou lè- n te Galile,
«Pitit lòm nan, gen pou-l tonbe anba man mechan yo. Yo gen pou yo kloure-l sou kwa, men nan twa jou l’ap resisite.»
Koute,
wòch te gen tan roule byen louin,
nou rantre
epi Ko Seyè Jezi-a
pa’t la la-a.
Ki sa? Kò segnè nou an pat la?
Epi de moun paret devan nou,
de zang,
Rad yo klere, kon solèy.
E yo di non
Pouki sa-a n’ap chache moun ki vivan-an pa mi mo yo?
Sevre, wi, nou mèt kwè nou !
W mèt kwè nou,
w- mèt kwè nou
Nou wè yo ! Ale wè ak je nou, Kavo-a te vid, Segnè-a pa te la.
Pyè, se pou kwè non!
Jezi fè de nan disip li yo oue li sou wout Emais. Yo leve prese tounen vin di lot yo.
Segnè-a resisite vre wi,
li te fè Simon wè li
Nou pat rekonèt li …
pa sou wout la
Men lè separe pen an. Alò nou konnen-l
Jous Emais
Sal ta pral fè la
La pè avek nou
Poukisa nou pè konsa ?
Pouki sa kisa prezan nou paka kwè ?
Gade
Men-m ak pye-m yo.
Se mwen men-m menm
touche’-m e nou va wè
lespri pagen mi chè ni zo jan nou wè-m genyen la.
Se sa-m te kon-n ap di nou-an lè-m te toujou avek nou-an:
tou sak te ekri o Sijè de mwen nan la lwa Moyiz la, liv Pwofèt yo, liv Sòm, te fèt pou rive.
Men sa-k te ekri :
Kris la gen pou-l soufri
men sou twa jou, li gen pou-l resisite.
E-nan non li
yo va preche mesaj de repantans e de padon pou tout nasyon
komanse pa Jerizalèm
Nou temwen de tout bagay sa yo.
Mwen pote pou nou promès ke papa te fè nou-an.
Men nou dwe rete nan vil-la
jiskaske nou resevwa puisans kap sot anwo-a
Ke Bondye Beni-nou e gade-nou.
Mwen resevwa tout pouvwa nan syèl la e ak sou tè-a,
Ale fè disip nan tout nasyon yo, Batize yo : nan non papa a, ak pitit la, ak Sentespri a
Anseye yo pou yo kapab obeyi tout bagay mwen te mande pou-n fè,
mwen la avek nou tou lè jou jiska la fin dimond. Amen.
Kavo kote yo te mete kò Seyè Jezi-a te vid,
twa jou apre yo te kloure-l sou koua-a Jezi resisite de mo. Li vivan. Li vle antre nan la vi-ou.
Se Jezi menm ki di :
Mwen sa la rezireksyon e la vi. Moun ki non mwen yap viv mensi yo mouri.
Gen plis pase de mil an depi Jezi te resisite dè mò.
E –l toujou byen vivan jodia. Kòm moun ki gen plis pisans e plis inflians sou tout latè.
Gwo chèf tan lontan yo vini yo ale.
Moun kap komande yo, gro savan yo, filozòf yo, moun kap chache konpran-m Bondye yo, yo vini yo ale
Men Jezi Kri li men-n vivan jodia, Pa gen lot tankou-l sou latè
Jan li te fèt la se yon bagay apa. La bib di nou Mari manman li te yon vièj.
Lavi-li te yon bagay apa.
Nan tout sa li tap fè, nan tou sa li tap di, ou santi puisans Bondye-a,
li te mache dwat devan Bondye san li pat jan-m fè okenn peche.
Nan pwen moun sou la tè ki jan-m fè pi gran mirak pase-l
Mesaj li-a tou se yon bagay apa.
Li ofri amou, padon e yon nouvèl fason de viv pou tout moun ki resevwa li kom Sovè e Segnè.
Nenpot kote yo bay mesag sa-a la vi ap change, moun ap gen espwa anko, ya gen lòt rezon pou yo viv.
Lanmò li sou lakwa se yon bagay apa.
Plis pase de mil an, Bondye ki kreye tè ak yèl la te bay sèl pitit li a pou mouri pou peche lèzòm.
Se pou ou-l te mouri
Jan li te resiste-a se yon bagay apa,
twa jou apre li mouri, pi gro evèneman ki jan-m rive sou late-a te rive Jezi resisite dè mò.
Jan li fèt la, la vi li, lanmò li Epi Jan li te resisite de mò,
tout bagay sa yo fè nou wè ke sa Jezi de di li ye-a se sa li ye vre:
Pitit Bondye-a ki vi-n delivre tout moun sou la tè.
Men-m Jezi Kri sa-a, li vivan Jodia-li ta vle antre nan lavi pa ou pou-l padonnen peche ou yo,
pou li ka ba-ou puisans pou -w ka viv tout bon vre koute sa li di:
Vini jwen-n mwen, nou tout ki bouke, e ki anba chay ma ba nou repo.
Se mwen men-m ki chemen-an, se mwen men-m ki verite’-a se mwen men-m ki la vi-a.
Pèson-n paka al jwen-n papa-a si li pa pase pa mwen....
Bib la di «tout moun fè peche, e yo tout vire do, bay puisans Bondye.»
Li di ankò «Nap peye pou peche pa lanmò, men kado Bondye ban nou gratis-la se lavi etènèl nan Jezi, Segnè nou-an.»
Lè Jezi te mouri, li te peye dèt peche nou yo konnyè-a li kanpe le-l pare pou li antre nan lavi nou.
Mwen kanpe nan pòt la map frape. Si yon moun tande vwa-m e louvri pòt la ban mwen, ma antre lakay li …
Si nou vle jwen-n amou-l, padon peche nou,
e lavi etenel se pou nou resevoua-l kom sakrifis Bondye pou peche nou yo, se pou nou invite-l antre nan lavi nou pa la fwa.
Si se sa nou vle tout bon, nou kapab la priyè pa la fwa, Jezi va antre nan lavi nou.
Men yon la priyè nou ka fè. Map di-l pou nou anvan :
«Seyè Jezi, mwen bezwen ou. Mèsi paske ou te mouri sou la kwa pou tèt peche mwen yo.
Mwen louvri pòt kè-m ba-ou e mwen resevwa -w kòm sovè, e Seyè mwen.
Fè sa ou vle ak lavi mwen. Fè-m vini kalite moum ou vle ke-m ye –a . Amen.»
Si ou wè priye sa-a se sa ou ta remmen di vre, fè-l kounyè-a kote ou ye.
Prye nan kè-ou pandan map repran li pou-ou fraz apre fraz :
«Seyè Jezi mwen bezwen ou.
Mesi paske ou te mouri sou la kwa pou tèt peche mwen yo.
Mwen louvri pòt kè-m ba-ou.
E mwen resevwa-ou kòm sovè e Seyè mwen,
Fè sa ou vle ak lavi-mwen.
Fè -m vini kalite moun ou vle ke-m ye-a.
Amen.»
Kounye’-a ou fi-n prye avèk fwa e invite Jezi kri pou-l antre nan lavi-w,
ou mèt konnen li vini, paske li pwomèt lap fè-l pou nou depi nou mande-l.
Nou asure ke tout peche nou yo padonne, se pitit Bondye nou ye, nou gen lavi ki pap jan-m fini-an.
Si nou vle viv vrè vi, ke Jezi te pwomèt nou-an, pale ak li chak jou nan la priyè.
Li la bib nou, pou nou chache konnen plan li pou lavi nou.
Reyini ak lòt moun ki renmen Jezi e kap mache avè-l.
Yon denye pawòl ankò: Pa jan-m bliye bèl promès li fè-a:
Mwen pap jan-m kite-w e -m pap jan-m abandone. Sonje mwen la avèk ou tou lè jou, juska la fin di mond